
rpm (Red Hat Package Manager) se on zouti ki pèmèt ou fe jesyon pakè (lojisyèl) sou distribisyon linux ki baze sou Red Hat tankou CentOS, Fedora ak anpil lòt ankò.
Ale sou lyen sa-a pou w ka konnen ki distribisyon ki baze sou Red Hat
Sa ou dwe konnen…
Pakè ki sou distribisyon linux sa yo gen ekstansyon .rpm
yon egzanp : zip-3.10-10.1.el7.x86_64.rpm
Meta done (Metadata) pakè ki enstale yo estoke nan repètwa /var/lib/rpm
nan.
Kòmand rpm
Kòmand rpm
nan itlize pou w jere plizyè tach sou pakè yo tankou, fe rekèt pou jwenn enfòmasyon sou yo, enstale yo, mete yo a jou, verifye yo, retire yo epi retire done ki andedan pakè sa yo.
Men kèk opsyon ki plis itilize ak kòmand rpm nan
-q (–query) |
Fe rekèt epi afiche yon pakè |
-qa (–query –all) | Liste tout pakè ki enstale sou sistèm nan |
-qc (--query --configfiles) |
Liste fichye konfigirasyon yon pakè ki enstale |
-qd (--query --docfiles) |
Liste fichye ki gen dokimantasyon yon pakè ki enstale |
-qf (--query --file) |
Afiche ki pakè ki asosye ak yon fichye |
-qi (--query --info) |
Afiche enfòmasyon tankou vèsyon, tay, estati, dat enstalasyon, siyati, deskripsyon sou yon pake ki enstale |
-ql (--query --list) |
Afiche tout fichye ki andedan yon pakè |
-qR (--query --requires) |
Afiche tout pakè ke yon lot pakè depann de yo |
-F |
Mete yon pakè ki enstale deja a jou |
-i (--install) |
Enstale yon pakè |
-U (--upgrade) |
Mete yon pakè ki enstale deja a jou, oubyen enstale pakè a si li poko enstale |
-e (--erase) |
Retire yon pakè sou sistèm nan |
Men kèk egzanp sou itlizasyon kòmand rpm nan
1- Verifye pou w’ wè si yon pakè enstale sou sistèm ou an
rpm zip
rpm iproute
- Si li enstale l’ap afiche pakè a pou ou
- Si li pa enstale, l’ap di w li pa enstale

2- Afiche tout fichye ki andedan yon pakè
rpm -ql zip

3- Afiche tout fichye ki gen dokimantasyon ki andedan yon pakè
rpm -qd zip

4- Verifye fichye konfigirasyon ki asosye ak yon pakè
rpm -qc zip

5- Verifye ki pakè ki asosye ak yon fichye
rpm -qf /etc/iproute2/group

6- Afiche enfòmasyon sou yon pakè ki enstale
rpm -qi zip

7- Afiche tout pakè ak fichye (Shared Libraries) yon lot pake depann de yo
rpm -qR zip

8- Enstale yon pakè
rpm -ivh zip-3.0-1.el6_7.1.x86_64.rpm

9- Efase yon pakè sou sistem nan
rpm -ev zip

Règ pou w’ pa janm bliye
Toujou li dokimantasyon gras ak zouti man
man rpm