
Sou linux, gen tach pou w’ kapab egzekite yo ou dwe genyen privilèj “Super user”. Pami tach sa yo, nou kapab site,
- Enstale oubyen dezenstale yon pakè
- Kreye kont pou itilizatè
- Kreye sevis pou lanse pandan sistèm nan ap demare
Sel kont ki gen tout dwa sou sistèm nan li rele “root”, se poutèt sa, lè w’ se senp itilizate, administratè sistèm nan ka deside ba ou posibilite pou w lanse kòmand tankou w te “super user” sistèm nan. Pou sa rive posib li ba ou posibilite pou w itilize sudo ki se yon kòmand ki baw dwa pou w itilize dwa “root” genyen pou w egzekite kòmand yo.
Ann pran yon egzanp
linuxhaiti se yon senp itilizatè, li bezwen redemare sèvis networking
sou sistèm nan.

linuxhaiti pase komand lan systemctl restart networking, malerezman sistèm nan pèmèt li poze aksyon an paske li pa gen privilèj pou sa.
Kounya administratè a deside ba li dwa.

Ou ka remake nan imaj anlè a ke itilizatè linuxhaiti a, rive pase kòmand lan san pwoblem, li genyen sèlman pou l rantre modpas li.
Kòman w’ itilize sudo
Lè ou gen privilèj “super user”, lè wap lanse kòmand yo, ou mete sudo devan yo.
Egzanp :
sudo pwconv
Koman administratè sistèm nan ka bay privilèj ak sudo
1- Li ajoute itilizatè a nan gwoup sudo a
usermod -a -G sudo linuxhaiti
2- Li ajoute itilizate a nan yon fichier sudoers
Nan ka sa-a, administrate a ka deside ajoute paramet pou itilizate a jwi privilèj yo nan fichye /etc/sudoers
oubyen li ka deside kreye yon fichye pou itilizatè a nan repètwa /etc/sudoers.d/
Nan imaj anba-a, administratè a kreye yon fichye linuxhaiti nan repètwa /etc/sudoers.d/
pou itilizate linuxhaiti a

3- Administratè a ka bay yon senp itilizatè privilèj sou yon sèl kòmand, san l pa itilize modpas lè l’ap itilize sudo

Nan imaj anlè a, itilizate user1
, gen privilèj selman pou l kapab egzekite kòmand journalctl
avek sudo san li pa itlize modpas
4- Administratè a ka baw privilèj pou w egzekite tout kòmand avèk sudo san w pa itilize modpas ou

Pouw konn lot fason pou w itilize sudo, pa bliye li dokiman avek kòmand man
man sudo