smartmontools se yon koleksyon de plizyè zouti ki itilize pwotokòl teknoloji SMART pou afiche enfòmasyon sou sistèm estokaj (DISK) ki konekte sou sistèm linux lan.
Gras ak de (2) zouti (smartctl ak smartd) ki genyen nan pakè smartmontools la, li fasil pou w’ konnen si yon DISK nan bon eta, degrade ou defayan, sa ki vle di èske DISK lan rive nan lè pou li chanje.
Enstalasyon
Pou rive itlize zouti smartctl ak smartd, enstale pakè “smartmontools” la sou disktribisyon linux k’ap itilize a.
apt-get install smartmontools
oubyen
yum install smartmontools
Verifye, epi aktive sèvis SMART sou DISK yo
Avan w kòmanse chèche enfòmasyon sou DISK lan, verifye si DISK (device) lan ap itlize sèvis SMART la.
Pase kòmand sa-a
sudo smartctl -i /dev/sda
si dènye liy lan diw ke sèvis SMART lan pa aktive, ou dwe pase kòmand sa-a
sudo smartctl -s on /dev/sda
Puiske sèvis SMART lan aktive sou DISK ou an, ou ka komanse itilize zouti yo pou w konn plis enfòmasyon sou DISK ou an.
Kèk egzanp itilizasyon smartctl
Verifye si DISK lan ap fonksyone nòmalman
sudo smartcl -H /dev/sda
Si w jwenn yon mesaj diferan de PASSED, li enpòtan pou w fè yon backup (Sauvegarde) de DISK lan.
Pou w lanse yon tès ki kout sou DISK lan
sudo smartctl -t short /dev/sda
Pou w lanse yon tès ki long sou DISK lan
sudo smartctl -t long /dev/sda
Konsilte dokimantasyon zouti yo
Pou w’ metrize zouti sa yo, pa neglije li dokimantasyon ofisyèl yo https://www.smartmontools.org/wiki/TocDoc
Epi pa neglije li manyèl nan “Ligne de Commande” yo
man smartctl
man smartd
Chèche konnen plis
- Kisa teknoloji S.M.A.R.T (Self-Monitoring, Analysis and Reporting Technology System) la ye
- Kisa entèfas IDE, SATA ak ATA ye