lsblk, se yon zouti sou linux ki pèmèt ou jwenn enfòmasyon sou karakteristik periferik estokaj ak tout patisyon ki konekte sou sistèm nan.
Sou plizyè distribisyon tankou CentOS, Ubuntu (Desktop & Server) epi linuxmint, zouti lsblk a vini tou enstale.
Sizonka li pa ta enstale, pase kòmand sa-a pou ou enstale li.
Debian / Ubuntu / Linux mint
sudo apt-get install util-linux
CentOS
yum install util-linux-ng
Ann pratike…
1- Pou jwenn enfòmasyon bazik sou periferik estokaj yo ak tout patisyon yo, pase kòmand lsblk a san ankenn paramèt oubyen san ankenn opsyon.
lsblk
2- Nòmalman (par defaut), lsblk pa afiche enfòmasyon pou periferik estokaj ak patisyon ki pa vid yo, men pou sa rive fèt, pase kòmand sa-a
lsblk -a oubyen lsblk --all
3- Afiche enfòmasyon sou sistèm fichye ki sou patisyon yo.
lsblk -f oubyen lsblk --fs
4- Ou ka chwazi ki enfòmasyon ou vle, ki kolòn enfòmasyon ki dwe afiche sou periferik estokaj yo
lsblk -o NAME,SIZE,TYPE,FSTYPE,MOUNTPOINT,PARTLABEL,UUID
oubyen
lsblk --output NAME,SIZE,TYPE,FSTYPE,MOUNTPOINT,PARTLABEL,UUID
Itilize lsblk –help pou w wè ki kolòn ou ka chwazi
5- Ou ka pa deside afiche liy antet rezilta kòmand lsblk a
lsblk -n oubyen lsblk --noheadings
6- Afiche chemen (path) periferik estokaj yo sou sistèm nan
lsblk -p oubyen lsblk --path
7- Pou jwenn enfòmasyon sou pwopriyetè, gwoup ak mòd (li,ekriti,egzekisyon) periferik estokaj yo
lsblk -m oubyen lsblk --perms
Itilize manyèl nan liy kòmand lan pou w’ aprann plis sou kòmand lsblk a.
man lsblk