Lè w’ se administratè sistèm, youn nan pi bon zanmi ou genyen, lè wap fè mentnans oubyen lè wap fè depanaj “Troubleshooting” sou yon sistèm, se fichye log <jounal> yo.
Kisa yon fichye log ye? Ki itilite l’ genyen?
Yon fichye log, se yon fichye tèks ki genyen ladan l’ plizyè enfòmasyon ki lye ak itilizasyon yon “server”, “yon lojisyèl”, oubyen tout yon “sistèm enfòmatik”.
Sa vle di, kèlke swa evennman ki pase sou sistèm nan, oswa sou yon lojisyèl wap itilize, evennman sa-a ap ekri andedan fichye log la.
Si n’ap pran yon egzanp senp :
Ou gen yon sit web kap woule sou yon server linux, ou bezwen konnen pou yon moman (dat + lè) byen detèmine ?
- Ki adrès IP (Internet Protocol) ki aksede ak sit la?
- Ki navigatè li itilize pou aksede ak sit la?
- Ki sistèm eksplwatasyon ki itilize?
w’ap kapab jwenn enfòmasyon sa yo gras ak fichye log yo.
Aprann konnen ke chak lojisyèl , chak sèvis (egz : dhcp, apache2) k’ap woule sou linux, gen pwòp fichye log pa yo, se gras ak yo ki pèmèt yon administratè sistèm rezoud yon pwoblèm a chak fwa gen yon erè ki lye ak yon evennman ou yon lòt.
Ki kote wap jwenn fichye log yo sou linux?
An jeneral fichye log yo twouve yo nan repètwa /var/log sou linux. Men sa konn rive ke administratè sistèm nan deside itilize yon lòt chemen (path) pou li mete fichye log yo pou yon sèvis. Li rive fè sa gras ak fichye konfigirasyon sèvis la.
Tablo sa-a rezime kèk kote ou ka jwenn fichye log pou yon sèvis, oubyen sistèm eksplwatasyon an
Ki Kote wap jwenn li? | Kisa w’ap jwenn ladan l? |
/var/log/apt/* | Fichye log “package manager” apt. |
/var/log/auth.log | Enfòmasyon sou otorizasyon sistèm nan. Ladanl w’ap jwenn tout koneksyon sou sistèm nan ki reyisi ak tout sa ki echwe yo. |
/var/log/boot.log | Tout enfòmasyon ki anrejistre pandan sistèm nan ap demare. |
/var/log/dmesg | Tout mesaj nwayo <Kernel> Linux lan |
/var/log/daemon.log | Tout enfòmasyon ki anrejistre sou prosesis (daemon) k’ap fonksyone sou sistèm nan “An background”. |
/var/log/dpkg.log | Tout enfòmasyon sou tout pake ki enstale ou ki dezenstale avèk kòmand dpkg a. |
/var/log/wtmp | Tout enfòmasyon sou koneksyon ak dekoneksyon ki fèt sou sistèm nan. |
/var/log/kern.log | Tout mesaj nwayo linux la anrejistre. |
Fiche log yo souvan gen anpil done, yo konn ale de 100 juska plis ke 10000 mil liy anrejistreman. Pou fasilite lekti yo, itlize kòmand more oubyen less
less /var/log/dpkg.logcat /var/log/kern.log | more