Nan videyo sa nap montrew koman pou’w ajoute yon itilizatè nan group sudo, koman pou’w bay yon itilizatè tout privilèj sudo sou linux.
Nan videyo sa nap montrew koman pou’w ajoute yon itilizatè nan group sudo, koman pou’w bay yon itilizatè tout privilèj sudo sou linux.
Nan videyo sa-a, dekouvri koman ou kapab afiche epi change runlevel sou linux
Kòman w’ kapab aksede ak tout kòmand ou te tape deja yo pandan w’ap travay nan yon tèminal sou linux?
Nan videyo sa-a w’ap dekouvri 6 fason pouw we kòmand sa yo pou si w’ ta vle reitilize yo.
Kòmand ip a pèmèt sysadmin yo konfigire paramèt entèfas rezo yo sou linux. Kòmand sa-a se li ki ranplase ansyen kòmand ifconfig lan sou plizyè distribisyon linux.
ip address add broadcast 192.168.1.127 dev eno1
ip route add default via 192.168.1.1
ip route add 192.168.1.0/24 via 192.168.1.110 dev eno1
ip route show
ip route del 192.168.1.0/24
ip route list 192.168.43.0/24
Pou aprann plis fason sou kòman pou itilize kòmand ip a
ip --help
man ip
Kòmand ip a pèmèt sysadmin yo konfigire paramèt entèfas rezo yo sou linux. Kòmand sa-a se li ki ranplase ansyen kòmand ifconfig lan sou plizyè distribisyon linux.
ip link
eno1 = Non yon entèfas rezo
ip link show dev eno1
ip -s link
ip -s link ls eno1
ip link set eno1 up
ip link set eno1 down
ip address show
docker0 = Non yon entèfas rezo
ip address show dev docker0
ip address add 192.168.1.110/25 dev eno1
ip address del 192.168.1.110/25 dev eno1
Pou aprann plis fason sou kòman pou itilize kòmand ip a
ip --help
man ip
Nan videyo sa-a, wap aprann byen vit kòman w’ kapab atribye yon adrès IP prive static ak yon entèfas rezo sou linux (Debian oubyen Ubuntu)
Fichye log yo, se fichye, ladan yo, genyen yon pakèt enfòmasyon ki anrejistre sou fòm tèks, sa ki pèmèt administratè sistèm nan okouran de tout evennman enpòtan ki fèt sou sistèm nan, epi pèmèt li antisipe, epi pran bon desizyon pou kenbe sistèm nan an sante.
Gen kat (4) kategori fichye log ki genere nan anviwonman linux lan
Sa ki vle di, mesaj ki anrejistre nan fichye log yo, se mesaj ki konsène server a, Nwayo linux (kernel) lan, tout sèvis ak tout aplikasyon k’ap woule sous sistèm nan.
Jeneralman, fichye log yo anrejistre nan repètwa /var/log
Fichye sa-a, ladanl, anrejistre tout mesaj ki gen rapò ak demaraj(boot) sistèm nan.
Pou tout pwosesis k’ap lanse, tout sèvis ki lanse pandan sistèm nan ap demare, w’ap jwenn tout detay sa yo andedan fichye /var/log/boot.log la.
Administratè sistèm nan ka ale nan fichye sa-a pou l tcheke ki pwoblèm ki pase nan ka kote sistèm nan redemare (reboot) sanzatann, oubyen ki sa ki lakoz si demaraj sistèm nan echwe.
Fichye sa gen enfòmasyon sou tanpon Nwayo linux (kernel) lan. Enfòmasyon sa yo gen rapò ak periferik ak tout driver yo.
Si gen yon materyèl ki gen yon pwoblèm, depi noyau linux lan detektel, w’ap jwenn enfòmasyon sa yo andedan fichye sa-a.
Ou kapab aksede ak fichye /var/log/dmesg si w pase kòmand dmesg
Andedan fichye sa-a, anrejistre tout enfòmasyon ki rapò ak “Authentification”. Tout session ki ouvri sou sistèm nan, tout itilizatè ki tante konekte sou sistèm nan, w’ap jwenn tras yo nan fichye sa-a.
Fichye sa gen enfòmasyon sou “dènye koneksyon” ki fèt sou sistèm nan, sou tout oubyen ou sou yon itilizatè byen detèmine. Pou w gen aksè kontni ki andedan fichye sa-a, ou dwe itilize kòmand lastlog la
Pou w’ jwenn èd sou kòman w dwe itilize kòmand lastlog la, pase kòmand sa-a
lastlog -h
Andedan fichye sa-a anrejistre tout mesaj ki gen rapò ak sekirite sistèm nan, sou echèk authentification ki fet sou sistèm nan, W’ap jwenn tras tout koneksyon “sudo” ak tout koneksyon ssh yo.