KÒMAND | DESKRIPSYON |
systemctl list-units –type=service | Afiche tout sèvis ki aktive sou sistèm nan |
systemctl –failed | Afiche tout sèvis ki pat ka demare akoz yon pwoblèm kèlkonk |
systemctl status non_sèvis_la | Verifye si sèvis lan ap mache oubyen si li pap mache Egz : systemctl status apache2 |
systemctl stop non_sèvis_la | Kanpe (stop) yon sèvis ki tap mache Egz : systemctl stop tomcat |
systemctl kill non_sèvis_la | Voye yon signal bay tout pwosesis ki lye ak sèvis la Egz : systemctl kill rsyslog |
systemctl start non_sèvis_la | Demare (start) yon sèvis Egz : systemctl start rpcbind |
systemctl reload non_sèvis_la | Rechaje konfigirasyon yon sèvis san w pa redemare l Egz : systemctl reload ssh |
systemctl restart non_sèvis_la | Redemare yon sèvis Egz : systemctl restart teamviewerd |
systemctl enable non_sèvis_la | Aktive yon sèvis pou l demare le sistèm nan ap lanse Egz : systemctl enable mysql |
systemctl disable non_sèvis_la | Dezaktive yon sèvis pou l demare le sistèm nan ap lanse Egz : systemctl disable mysql |
systemctl mask non_sèvis_la | Anpeche yon sèvis demare. (Otomatik ouswa manyèl) Egz : systemctl mask cron |
systemctl is-enabled non_sèvis_la | Verifye si yon sèvis ap demare le sistèm nan ap lanse |
systemctl cat non_sèvis_la | Li fichye konfigirasyon yon sèvis |
systemctl show non_sèvis_la | Afiche tout pwopriyete sèvis la |
Catégorie : Commandes utiles
systemctl – Jere sèvis linux yo.
Kisa systemctl la ye? Kisa yon sèvis ye? Kòman w’ ka demare yon sèvis? Kòman w’ ka kanpe yon sèvis? Kòman w’ ka aktive epi dezaktive yon sèvis? Kòman w’ ka verifye si yon sèvis aktive?
Repons sa yo nan videyo a.
10 Kòmand ou ka twouve itil
Lis dis (10) Kòmand ou ka twouve itil sou linux.
Kòmand | Deskripsyon | Egzanp itilizasyon |
mount | monte yon sistèm fichye sou linux. |
|
umount | demonte yon sistèm fichye sou linux |
|
lsblk |
Afiche enfòmasyon sou tout sistèm fichye ki monte sou linux |
lsblk |
swapon | Aktive patisyon swap sou linux | swapon /dev/sda7 |
swapoff | Dezaktive patisyon swap sou linux | swapoff /dev/sda7 |
journalctl -k | Afiche jounal (log) pou nwayo linux la (se tankou w te pase kòmand dmesg a) | journalctl -k |
lsusb |
Afiche enfòmasyon sou materyèl ki konekte sou po usb linux |
lsusb |
fdisk -l | Afiche tab patisyon pou yon « Disk Drive » | fdisk -l /dev/sda |
mke2fs | Fòmate yon patisyon ak yon sistèm fichye sou linux |
|
tar | Kreye achiv sou linux |
|
Règ pou w toujou aplike
Toujou sonje li dokiman sou kòmand yo
man mount / man umount / man lsblk / man swapon / man swapoff / man journalctl / man lsusb / man fdisk / man mke2fs / man tar
sudo

Sou linux, gen tach pou w’ kapab egzekite yo ou dwe genyen privilèj “Super user”. Pami tach sa yo, nou kapab site,
- Enstale oubyen dezenstale yon pakè
- Kreye kont pou itilizatè
- Kreye sevis pou lanse pandan sistèm nan ap demare
Sel kont ki gen tout dwa sou sistèm nan li rele “root”, se poutèt sa, lè w’ se senp itilizate, administratè sistèm nan ka deside ba ou posibilite pou w lanse kòmand tankou w te “super user” sistèm nan. Pou sa rive posib li ba ou posibilite pou w itilize sudo ki se yon kòmand ki baw dwa pou w itilize dwa “root” genyen pou w egzekite kòmand yo.
Ann pran yon egzanp
linuxhaiti se yon senp itilizatè, li bezwen redemare sèvis networking
sou sistèm nan.

linuxhaiti pase komand lan systemctl restart networking, malerezman sistèm nan pèmèt li poze aksyon an paske li pa gen privilèj pou sa.
Kounya administratè a deside ba li dwa.

Ou ka remake nan imaj anlè a ke itilizatè linuxhaiti a, rive pase kòmand lan san pwoblem, li genyen sèlman pou l rantre modpas li.
Kòman w’ itilize sudo
Lè ou gen privilèj “super user”, lè wap lanse kòmand yo, ou mete sudo devan yo.
Egzanp :
sudo pwconv
Koman administratè sistèm nan ka bay privilèj ak sudo
1- Li ajoute itilizatè a nan gwoup sudo a
usermod -a -G sudo linuxhaiti
2- Li ajoute itilizate a nan yon fichier sudoers
Nan ka sa-a, administrate a ka deside ajoute paramet pou itilizate a jwi privilèj yo nan fichye /etc/sudoers
oubyen li ka deside kreye yon fichye pou itilizatè a nan repètwa /etc/sudoers.d/
Nan imaj anba-a, administratè a kreye yon fichye linuxhaiti nan repètwa /etc/sudoers.d/
pou itilizate linuxhaiti a

3- Administratè a ka bay yon senp itilizatè privilèj sou yon sèl kòmand, san l pa itilize modpas lè l’ap itilize sudo

Nan imaj anlè a, itilizate user1
, gen privilèj selman pou l kapab egzekite kòmand journalctl
avek sudo san li pa itlize modpas
4- Administratè a ka baw privilèj pou w egzekite tout kòmand avèk sudo san w pa itilize modpas ou

Pouw konn lot fason pou w itilize sudo, pa bliye li dokiman avek kòmand man
man sudo
Aprann itilize rpm

rpm (Red Hat Package Manager) se on zouti ki pèmèt ou fe jesyon pakè (lojisyèl) sou distribisyon linux ki baze sou Red Hat tankou CentOS, Fedora ak anpil lòt ankò.
Ale sou lyen sa-a pou w ka konnen ki distribisyon ki baze sou Red Hat
Sa ou dwe konnen…
Pakè ki sou distribisyon linux sa yo gen ekstansyon .rpm
yon egzanp : zip-3.10-10.1.el7.x86_64.rpm
Meta done (Metadata) pakè ki enstale yo estoke nan repètwa /var/lib/rpm
nan.
Kòmand rpm
Kòmand rpm
nan itlize pou w jere plizyè tach sou pakè yo tankou, fe rekèt pou jwenn enfòmasyon sou yo, enstale yo, mete yo a jou, verifye yo, retire yo epi retire done ki andedan pakè sa yo.
Men kèk opsyon ki plis itilize ak kòmand rpm nan
-q (–query) |
Fe rekèt epi afiche yon pakè |
-qa (–query –all) | Liste tout pakè ki enstale sou sistèm nan |
-qc (--query --configfiles) |
Liste fichye konfigirasyon yon pakè ki enstale |
-qd (--query --docfiles) |
Liste fichye ki gen dokimantasyon yon pakè ki enstale |
-qf (--query --file) |
Afiche ki pakè ki asosye ak yon fichye |
-qi (--query --info) |
Afiche enfòmasyon tankou vèsyon, tay, estati, dat enstalasyon, siyati, deskripsyon sou yon pake ki enstale |
-ql (--query --list) |
Afiche tout fichye ki andedan yon pakè |
-qR (--query --requires) |
Afiche tout pakè ke yon lot pakè depann de yo |
-F |
Mete yon pakè ki enstale deja a jou |
-i (--install) |
Enstale yon pakè |
-U (--upgrade) |
Mete yon pakè ki enstale deja a jou, oubyen enstale pakè a si li poko enstale |
-e (--erase) |
Retire yon pakè sou sistèm nan |
Men kèk egzanp sou itlizasyon kòmand rpm nan
1- Verifye pou w’ wè si yon pakè enstale sou sistèm ou an
rpm zip
rpm iproute
- Si li enstale l’ap afiche pakè a pou ou
- Si li pa enstale, l’ap di w li pa enstale

2- Afiche tout fichye ki andedan yon pakè
rpm -ql zip

3- Afiche tout fichye ki gen dokimantasyon ki andedan yon pakè
rpm -qd zip

4- Verifye fichye konfigirasyon ki asosye ak yon pakè
rpm -qc zip

5- Verifye ki pakè ki asosye ak yon fichye
rpm -qf /etc/iproute2/group

6- Afiche enfòmasyon sou yon pakè ki enstale
rpm -qi zip

7- Afiche tout pakè ak fichye (Shared Libraries) yon lot pake depann de yo
rpm -qR zip

8- Enstale yon pakè
rpm -ivh zip-3.0-1.el6_7.1.x86_64.rpm

9- Efase yon pakè sou sistem nan
rpm -ev zip

Règ pou w’ pa janm bliye
Toujou li dokimantasyon gras ak zouti man
man rpm
Commande utile – netstat

Ce que vous devez savoir…
Netstat (Network Statistics) est un outil en ligne de commande permettant d’afficher les statistiques sur un certain nombre de protocoles et de connaitres les connexions TCP actives sur un ordinateur. Avec netstat vous pouvez lister tous les ports ouverts, voir les connexions sur une machine.
Quelques exemples d’utilisations de netstat
Afficher l’ensemble des connexions et des ports en écoute sur la machine
netstat -a

Afficher les connexions UDP
netstat -au

Afficher les connexions TCP
netstat -at

Afficher les connexions en état d’écoute (LISTENING)
netstat -l

Afficher les connexions UDP en état d’écoute
netstat -lu
Afficher les connexions TCP en état d’écoute
netstat -lt
Afficher les statistiques pour chaque protocoles
netstat -s

Pour afficher des informations en continue, utilisez l’option -c de netstat
Par exemple :
Afficher les connexions TCP en continue
netstat -atc
Afficher la liste des interfaces réseau
nestat -i

Afficher des informations sur les protocoles IPv4 et IPv6
netstat -g

Afficher les informations de routage du noyau
netstat -r

Règle d’or
Lisez la page de manuel de netstat avec man
man netstat
Commandes utiles pour télécharger des fichiers en ligne de commandes

Ce que vous devez savoir…
wget : c’est un outil en ligne de commande de téléchargement de fichiers. Il supporte les protocoles HTTP, HTTPS et FTP
curl : outil en ligne de commande permettant de télécharger des fichiers. il supporte plusieurs protocoles comme HTTP, HTTPS, IMAP, POP3, RTMP, SMB, SMTP, TELNET, TFTP etc…
Installer wget et curl sur Debian/ Ubuntu/ Linux Mint
apt-get install wget curl
Installer wget et curl sur CentOS
yum install wget curl
Installer wget et curl sur Fedora
dnf install wget curl
Utilisation de curl
Vérifier si un URL est valide
curl http://url.url.url

Télécharger un fichier
curl -O url
curl -O https://www-eu.apache.org/dist/tomcat/tomcat-8/v8.5.40/bin/apache-tomcat-8.5.40.tar.gz

Si le téléchargement est interrompu, et vous voulez le reprendre (Résumer)
curl -C - -O https://www-eu.apache.org/dist/tomcat/tomcat-8/v8.5.40/bin/apache-tomcat-8.5.40.tar.gz

Pour Sauvegarder le fichier sur nom différent que celui de l’url
curl -o apache-tomcat.tar.gz https://www-eu.apache.org/dist/tomcat/tomcat-8/v8.5.40/bin/apache-tomcat-8.5.40.tar.gz
Pour limiter la vitesse de téléchargement du fichier
curl --limit-rate 100K -O https://www-eu.apache.org/dist/tomcat/tomcat-8/v8.5.40/bin/apache-tomcat-8.5.40.tar.gz
Utilisation de wget
Télécharger un fichier
wget url
wget https://www-eu.apache.org/dist/tomcat/tomcat-8/v8.5.40/bin/apache-tomcat-8.5.40.tar.gz

Changer le nom de sortie du fichier téléchargé
wget -O nom-de-sortie url
wget -O tomcat-server.tar.gz https://www-eu.apache.org/dist/tomcat/tomcat-8/v8.5.40/bin/apache-tomcat-8.5.40.tar.gz
Reprendre (Résumer) un téléchargement inachevé
wget -c url
wget -c https://www-eu.apache.org/dist/tomcat/tomcat-8/v8.5.40/bin/apache-tomcat-8.5.40.tar.gz
Limiter la vitesse de téléchargement
wget --limit-rate=200k https://www-eu.apache.org/dist/tomcat/tomcat-8/v8.5.40/bin/apache-tomcat-8.5.40.tar.gz
Télécharger un fichier en arrière plan
wget -b url
wget -b download.log https://www-eu.apache.org/dist/tomcat/tomcat-8/v8.5.40/bin/apache-tomcat-8.5.40.tar.gz
un fichier wget-log est créé dans le répertoire courant, vous pouvez vérifier l’état du téléchargement
cat wget-log

Règle d’or
Lisez la documentation en ligne de commande avec man
man curl
man wget