
APT (Advanced Package Tool) se yon zouti sou distribisyon linux ki baze sou debian yo tankou Debian, Ubuntu, Linuxmint, kali linux ak anpil lòt ankò, ki fasilite jesyon pakè yo sitou nan sa ki gen pou we ak depandans pakè yo.
Gen ti zouti ki andedan apt a ki pèmèt jesyon sa yo fèt byen, tankou
apt-get ki la pou enstale, efase, mete a jou pakè yo
apt-cache ki la pou fè rekèt sou pakè yo
apt ki se yon nouvo zouti ki gen plizyè fonksyonalite ke ni apt-get ak apt-cache bay ak yo de (2) a.
Sa ou dwe konnen…
- Pou APT fonksyone, li mande pou gen yon fichye ki ap pwente sou depo kote pakè yo ye a. Depo sa yo, se sèvè ki sou entènèt, oubyen sèvè ou kapab konfigire sou rezo lokal ou ki gen tout pakè pou enstale sou sistèm ou an. Nan yon lòt tutoriel, wap aprann konnen pou w jere fichye sa-a ki se
/etc/apt/sources.list
- Yon pakè se yon lojisyèl
Ann wè chak kòmand yo
apt-get
Sou-kòmand | Ki sa li fè? |
autoremove |
dezenstale otomatikman tout pakè ki pa itilize sou sistèm nan |
clean |
efase pake ki te telechaje nan repètwa /var/cache/apt/archives |
download |
telechaje yon pakè nan repètwa w’ap travay la |
install |
enstale oubyen mete a jou youn oswa plizye pakè. Pakè sa yo telechaje nan repètwa /var/cache/apt/archives |
remove |
dezenstale yon pakè sou sistem nan, men fichye konfigirasyon yo pap efase |
purge |
retire pakè ak tout fichye konfigirasyon li yo |
update |
mete a jou baz done pakè yo ak nouvo enfomasyon sou pakè yo |
upgrade |
mete a jou pakè a ki la sou sistèm nan |
apt-cache
Sou-kòmand | Ki sa li fè? |
depends |
Afiche depandans ak rekomandasyon pou yon pakè |
pkgnames |
Afiche non tout pakè yo ki enstale sou sistèm nan |
search |
cheche yon pakè apati de yon non ou bay |
stats |
afiche enfomasyon sou cache APT a |
Kek egzanp sou itilizasyon apt-get ak apt-cache
1- Mete baz done pake yo a jou sou sistem nan
apt-get update

2- Chèche yon pakè a pati de non pakè a
apt-cache search zip

3- Cheche depandans yon pakè
apt-cache depends zip

Nan imaj anlè a, ou ka remake ke pakè zip la depann de pake libbz2-1.0, libc6
, epi APT rekomande w pou enstale unzip
4- Enstale yon pakè
apt-get install zip
Ou ka itilize opsyon -y
ak apt-get install
lè wap enstale yon pakè pou w ka tou di ak tèminal lan ke wap aksepte enstalasyon an.

5- Dezenstale yon pakè sou sistem nan
apt-get -y autoremove zip

6- Dezenstale yon pakè ak tout fichye konfigirasyon li
apt-get -y purge zip

Toujou sonje li dokiman sou zouti yo
man apt-get
man apt-cache