Pou rapèl, dpkg se youn nan zouti sou distribisyon ki baze sou debian yo ki ede w’ manipile pakè ( package <<nan lang anglè a>>) sou sistèm nan.
Avèk dpkg, ou ka enstale pakè, mete yo a jou, dezenstale yo, oubyen fè rekèt pou w’ jwenn enfòmasyon nan baz done pakè ki genyen sou sistèm nan.
N’ap prezante w’ sis(6) fason ou ka kesyone baz done pakè yo oubyen fason w’ ka jwenn enfòmasyon sou pakè .deb yo
1- Afiche tout pakè ki enstale sou sistèm nan
dpkg -l oubyen dpkg --list
2- Afiche tout fichye ki asosye ak yon pakè ki enstale
dpkg -L non-pakè-a oubyen dpkg --listfiles non-pakè-a
3- Afiche tout enfòmasyon sou yon pakè
tankou :
- Eske pakè a enstale?
- Ki tay (size <<nan lang anglè a>>) pakè a?
- Ki vesyon pakè a?
- Tout depandans pakè a?
dpkg -s non-pakè-a oubyen dpkg --status non-pakè-a oubyen
dpkg -p non-pakè-a oubyen dpkg --print-avail non-pakè a
4- Afiche enfòmasyon sou yon pakè .deb
dpkg -l non-pakè-a.deb oubyen dpkg --info non-pakè-a.deb
5- Afiche tout fichye ki andedan yon pakè .deb
dpkg -c non-pakè-a.deb oubyen dpkg --contents non-pakè-a.deb
6- Verifye ki pakè ki asosye ak yon fichye
dpkg -S chemen-fichye-a oubyen dpkg --search chemen-fichye-a
Pou w rive manipile zouti dpkg a byen, pa bliye itilize manyèl en liy kòmand lan
man dpkg