ip – Manage network interfaces, part I

Kòmand ip a pèmèt sysadmin yo konfigire paramèt entèfas rezo yo sou linux. Kòmand sa-a se li ki ranplase ansyen kòmand ifconfig lan sou plizyè distribisyon linux.

16 fason ou ka itilize kòmand ip a

1- Afiche enfòmasyon sou tout periferik (entèfas) rezo ki disponib sou sistèm nan

ip link 

ip-1

2- Afiche enfòmasyon pou yon grenn entèfas rezo

eno1 = Non yon entèfas rezo

ip link show dev eno1

3- Afiche detay sou transfè done sou tout entèfas rezo yo

ip -s link

ip-3

4- Afiche detay sou transfè done sou yon grenn entèfas rezo

ip -s link ls eno1

5- Aktive yon entèfas rezo

ip link set eno1 up

ip-5

6 – Dezaktive yon entèfas rezo

ip link set eno1 down

ip-6

7- Afiche adrès IP pou tout entèfas rezo yo

ip address show

ip-7

8- Afiche adrès IP pou yon grenn entèfas rezo

docker0 = Non yon entèfas rezo

ip address show dev docker0

ip-8

9- Atribye yon adrès IP static tanporè ak yon entèfas rezo

ip address add 192.168.1.110/25 dev eno1

ip-9

10- Retire yon adrès IP ki te atribye ak yon entèfas rezo

ip address del 192.168.1.110/25 dev eno1

ip-10

Pou aprann plis fason sou kòman pou itilize kòmand ip a

ip --help
man ip 

Klike pou w’ ka li pati 2 a

Laisser un commentaire